Difikilte pou jwenn kliyan pouw ka vann produit sou website ou a.

Pa Bradley Alexis nan 6 Jen 2024 | 13:45
Bradley Alexis

Bradley Alexis

Etidyan
Loyal User
Forums Top User
Pòs: 6
Renmen: 6
Abone: 1
Manm depi: 3 Jen 2024

Eske gen moun ki gen yon biznis oubyen yon ide biznis men ki gen dout sou reyisit biznis lan a koz yo pa gen strategy pou fè yon kantite kliyan vizite biznis lan pa jou ou yon moman done.


Se pati ki pi enpòtan nan yon biznis sitou yon biznis sou entènèt.


Daprè mwen se yon pratik ki senp & trè fasil depi'w arive metrize domèn piblisite sou youn oubyen diferan medya sosyal.



Se yon bèl sijè ak opòtinite pou plizyè nan nou ki la 

ANN PALE KISA KI BA'W PLÒBLÈM NAN PATI SA OU MENM???

6 Jen 2024 | 13:45
1 Renmen
Jean Wesly JOSEPH

Jean Wesly JOSEPH

Etidyan
Loyal User
Forums Top User
Pòs: 4
Renmen: 3
Manm depi: 6 Jen 2024

Se yon bèl sijè vrèman wi. Felisite !

Men mwen m gen yon ti pwoblèm. Sanble m vle kenbe ansyen sistèm nan. M pa vrèman gen volonte pou m met tan m nan fè piblisite sou entènèt. Jiskamentnan m santi m manke asire pa mòd pratik sa a. Malgre tout moun m tande kap dim kantite lajan yo envesti sou entènèt e kantite pwofi yo fè, m toujou pako konvenki. Mwen anvi jwenn motivasyon men m pako kapab. Si m pako gen biznis anliy, oubyen sim pako met biznis mwen an liy se rezon sa yo.


Èske gen moun tankou m ki la ? Kisa nou panse m ka fè pou m chanje?

6 Jen 2024 | 20:40
0 Renmen

Siyale

Tanpri dekri siyalman w lan byen kout epi klè.

Webinè Ekskliz

Webinè Ekskliz

GRATIS ! Vini patisipe nan yon webinè eksklizif sou DropShipping jou k ap 4 Out 2024 la

GDPR

Lè ou vizite youn nan sit entènèt nou yo, li ka estoke oswa rekipere enfòmasyon sou navigatè w la, sitou sou fòm Cookie. Enfòmasyon sa yo ka konsène w, preferans ou oswa aparèy ou a, yo sitou itilize pou pèmèt sit la fonksyone jan ou espere a. Enfòmasyon yo pa idantifye w dirèkteman an jeneral, men yo ap ofri w yon eksperyans an liy ki pi pèsonalize. Paske nou respekte dwa w a vi prive, ou ka chwazi pou pa otorize kèk tip Cookie. Klike sou diferan kategori yo pou w aprann plis epi jere preferans ou. Tanpri sonje ke bloke kèk tip Cookie ka afekte eksperyans ou sou sit la ak sèvis nou ap ofri yo.