Apwopo Briye Akademi

Dekouvri Briye Akademi :
Byenveni nan Briye Akademi, kote aprantisaj rankontre inovasyon. Misyon nou se amelyore lavi gras ak aprantisaj. Nou pèmèt entriktè tout kote kreye epi pataje kontni edikatif epi etidyan nou aksede ak kontni sa yo pou aprann nan tout serenite.

Avantaj w ap jwenn sou platfòm sa a


Divès fòma klas :
Eksperimante libète pou aprann jan ou vle ak seri fòma klas dinamik nou yo. Soti nan leson videyo kaptivan rive nan klas tèks byen apwofondi, enstriktè nou yo kreye eksperyans aprantisaj varye ki adapte a preferans ou.

Klas entèraktif an dirèk :
Plonje nan yon eksperyans aprantisaj an tan reyèl ak klas entèraktif an dirèk nou yo. Gras ak yon seri teknoloji avanse, enstriktè nou yo òganize sesyon enteresan dirèkteman sou platfòm nou an, pou favorize patisipasyon aktif ak kolaborasyon ant etidyan yo.

Resous Aprantisaj Konplè :
Browse magazen vas nou an, kote enstriktè yo ofri yon gran varyete materyèl aprantisaj, soti nan liv rive nan resous dijital. Ke ou prefere fòma fizik oswa dijital, nou gen tout sa ou bezwen pou anrichi vwayaj aprantisaj ou.

Rezèvasyon titè :
Aksede eksperyans aprantisaj pèsonalize ak fonksyon rezèvasyon titè nou an. Etidyan yo ka fasilman planifye reyinyon an liy oswa an pèsòn ak yon titè selon disponiblite yo, sa k ap pèmèt yo resevwa sipò ak konsèy pèsonalize.

Otorizasyon enstitisyon :
Nou pèmèt Enstitisyon edikatif yo, tankou lekòl ak inivèsite genyen yon espas sou platfòm lan pou fòme pwòp etidyan yo. Yo kappa ajoute pwofesè, kreye klas, jere pwogrè etidyan yo, epi bay sipò konplè nan yon espas dedye pou bezwen enstitisyon yo a.

Quiz ak Sètifikasyon :
Etidyan Briye Akademi yo gen opòtinite pou pase Quiz sou platfòm an epi resevwa Sètifika pou akonplisman yo. Enstriktè yo ka kreye Quiz pou angaje etidyan yo epi rekonpanse etidyan yo ak sètifika nan fen klas la.

Rejwenn nou jodia
Kòmanse vwayaj vè ekselans akademik sa a ak Briye Akademi. Kit ou se yon etidyan k ap chèche eksperyans aprantisaj pèsonalize oswa yon enstitisyon k ap chèche amelyore òf edikatif ou yo, nou gen tout sa ou bezwen pou reyisi. Rejwenn nou jodia epi dekouvri yon nouvo peyizaj inovan nan aprantisaj.

Webinè Ekskliz

Webinè Ekskliz

GRATIS ! Vini patisipe nan yon webinè eksklizif sou DropShipping jou k ap 4 Out 2024 la

GDPR

Lè ou vizite youn nan sit entènèt nou yo, li ka estoke oswa rekipere enfòmasyon sou navigatè w la, sitou sou fòm Cookie. Enfòmasyon sa yo ka konsène w, preferans ou oswa aparèy ou a, yo sitou itilize pou pèmèt sit la fonksyone jan ou espere a. Enfòmasyon yo pa idantifye w dirèkteman an jeneral, men yo ap ofri w yon eksperyans an liy ki pi pèsonalize. Paske nou respekte dwa w a vi prive, ou ka chwazi pou pa otorize kèk tip Cookie. Klike sou diferan kategori yo pou w aprann plis epi jere preferans ou. Tanpri sonje ke bloke kèk tip Cookie ka afekte eksperyans ou sou sit la ak sèvis nou ap ofri yo.