Ki mindset pou yon entreprenè dwe genyen lè wap bay yon (òf) pou yon produit sou yon mache.

Pa Bradley Alexis nan 6 Jen 2024 | 16:05
Bradley Alexis

Bradley Alexis

Etidyan
Loyal User
Forums Top User
Pòs: 6
Renmen: 6
Abone: 1
Manm depi: 3 Jen 2024

*) LÈW SE YON BIZNISMAN SOU ENTÈNÈT OU DWE GEN YON MINDSET DIFERAN DE TI MACHANN OUBYEN TI BIZNIS OU WÈ KAP VANN BÒ LAKAY OU A.

LI MENM LI RETE LAP TANN MOUN VINN ACHTE SA LAP VANN NAN,KI TA DWE DIFERAN DE OU MENM KI DWE POTE MACHANDIZ OU A BAY MOUN NAN.


LI PA DIFISIL VRE MEN:

POU SA WAP BEZWEN GEN YON LESPRI TRÈ KONVENKAN.


POUW GENYEN'L FÒK OU KONN KI MOUN OU PRAL KONVENK KI POU ACHTE PRODUIT'W LA SAN PRAN TAN.


GWOUP MOUN SPESYAL SA PRAL POTE NOM (ODYANS OU).


E POU DETEKTE GWOUP MOUN SA REYÈLMAN FÒK OU KONNEN:

KI PROBLÈM MOUN SA YO GENYEN.

KISA YO RENMEN FÈ.

KI BÒ AK NAN KISA YO PASE TAN YO.

KI BAGAY YO GADE PI SOUVAN.

ESKE MOUN SA YO FASIL POU YO POZE YON AKSYON.

ESKE'L PRAN TAN POU YO POZE YON AKSYON.

(AK PLIZYÈ LÒT PILYE ANKÒ)


LÈW FINN KONN TOUT DETAY SA YO DE GROUP MOUN SA:


FÒK OU KA PREZANTE YO PRODUIT WAP VANN NAN TRÈ BYEN.

POU FÈ SA OU DWE MONTRE MOUN NAN YON BEZWEN OU YON NESESITE KE'L GENYEN DE PRODUIT A

EPI APRÈ OU DWE PREZANTE'L SOLISYON KE'W GEN POU LI KAP PÈMÈT LI SOULAJE OUBYEN SATISFÈ DE SA LI TE GENYEN AN.


PREZANTASYON PRODUIT SA PRAL KONVENK KLIYAN AN NAN FASON OU PREZANTE'L SOLISYON POU PROBLÈM LI AN.


APRÈ TOUT SA YO LI POKO FINN KLÈ KE KLIYAN AN PRAL ACHTE PRODUIT A


OU PRAL BEZWEN KOMINIKE'L YON MESAJ KI PA TWÒ LONG,KI PRAL FÈ KLIYAN AN KOURI REYAJI POU'L PRAN TI DELIVRANS SA LI TONBE SOU LI A.


SA POU TOUJOU KONNEN SÈKE: 

NI MOUN KI BEZWEN

NI MOUN KAP CHÈCHÈ

NI MOUN KI RENMEN

NI SAK GEN PROBLÈM SA WAP VANN NAN

TOUT NÈT AP NAVIGE SOU ENTÈNÈT LA CHAK JOU 

SE KONN POU KONN CHÈCHE YO POU PREZANTE PRODUIT'W LA EPI VANN YO .


EPI BIZNIS OU AP GRANDI CHAK JOU PI PLIS


POU MWEN EGZISTANS《BRIYE》 SE YON BÈL OPÒTINITE POU JÈNN TANKOU'M YO FÈ BÈL DEVLOPMAN SOU ENTÈNÈT LA.


PA JANM BLIYE METE'W NAN PLAS YON MOUN WAP PREZANTE PRODUIT SA YON FASON POU WÈ SI PÈFÒMANS ÒF LA TAP KONVENK OU KÒM KLIYAN.








⛔ABÒNE🚸 POU PLIS KONESANS NAN AFÈ PIBLISITE SOU ENTÈNÈT.










6 Jen 2024 | 16:05
2 Renmen
Jean Wesly JOSEPH

Jean Wesly JOSEPH

Etidyan
Loyal User
Forums Top User
Pòs: 4
Renmen: 3
Manm depi: 6 Jen 2024

M renmen apwòch ou a e se sa teyori a ou bay.


Men gen yon pwoblèm. Gen yon pakèt blofè sou entènèt la. Sa yo ofri a se pa li yo bay. Sa koz kliyan yo vin mefyan de plizanplis.

6 Jen 2024 | 20:53
1 Renmen
Bradley Alexis

Bradley Alexis

Etidyan
Loyal User
Forums Top User
Pòs: 6
Renmen: 6
Abone: 1
Manm depi: 3 Jen 2024
quote-right
Reponn a Jean Wesly JOSEPH

M renmen apwòch ou a e se sa teyori a ou bay.


Men gen yon pwoblèm. Gen yon pakèt blofè sou entènèt la. Sa yo ofri a se pa li yo bay. Sa koz kliyan yo vin mefyan de ...

MONCHÈ MPA KONT MEFYANS OU BROTHER 

SE TOUT DWA'W POUW KONSA


MEN 1ER KONSÈY PÈSONÈL MAP BAWOU SE CHANJE MINDSET SA LAKAY OU.


Chanje'l vle di retire negativite lakay ou

Mo Entrepreneur baze sou yon Mo ki se Investissement

Anndan antreprenarya yo montre'w gen kapasite pou detekte konpetans & probabilité(sak probab ou pa) menm anvan yo aprann ou kòman pou'w pran RISQUE.

Paske si'w pa fè 2 sa yo ou pa beuzwen kouri prans risk.


*)Ou sipoze ka wè eske yon moun ou yon bagay konpetan pou'l itil ou nan yon pati wap bwlezwen nan biznis ou an


*)Fòk ou ka kalkile chif ou byen [swa'w konn fèl oubyen'w gen yon moun ki ka fèl pou ou]

Paske lè'w met yon kantite lajan deyò fò'w konn ki kantite wap ka antre sou li kòm profi

Nan konbyen tan li ka posib si'w fè tèl bagay etc...


Exemple:si'w bezwen fè 10k/Months nan biznis ou gras ak piblisite sou entènèt,ou pa ka vle pou depanse sèlman 3 à 4k epi pou'w antre 6 à 7k sou kòb ou depanse a

Ou tou wè li pa probab de tout manyè paske

1) sa wap vann nan pa yon drug ou paka vle pou achtel ba pri epi pou al revann li chè.👌 


NB)Très souvent revni kap vinn kòm profi oubyen sa nou rele benefis antreprenè a nan piblisite sou entènèt la se 🤌🏽(20,25 à 30%) li ye.


🤌🏽Benh se laaaa maji a ye nan piblisite a👌🏽


Se koz li menm anpil moun ki konn lanse piblisite sou entènèt pou biznis yo echwe a


Se avèk évolution du temps ke biznis ou an genyen,ou ka al chèche monte kantite kòb wap fè kòm profi sou chak sa wap vann nn biznis la



POUSANTAJ BENEFIS LA SE MEYÈ PATI NAN PINLISITE A KI ENPÒTAN POU ANTREPRENÈ A FÒK PROFESYONÈL LA KA OUBYEN ONBYEN MANM EKIPAJ BIZNIS LA KA KALKILE'L POU YO KA KONN KÒMAN YAP FÈ POU REYALIZE CHIF ANTREPRENÈ A BEZWEN ANTRE CHAK JOU,SEMÈNN MWA,TRIMÈS ETC.. 


Epi⤵️

2)platfòm yo gen yon jan yo fonksyone fòk ou konn système li an byen👌 


Donc si'w antre nan yon demach konsa ak yon moun ki diw lap fè Ads pou biznis ou wap toujou pa kwè nan piblisite sou entènèt.


Gen anpil jeunes ki di yo konn fè publicité sou internet poutan yo pa domine domaine nan an total vre.,

Gen anpil nan yo, yo travay sou chans konsa konsa just paske yo wè kèk ti video piblisite entènèt sou YouTube etc...


yo just itilize zouti ki nan paramèt platfòm nan epi yo bay bèl kalite imaj ak kalite video epi yo di kliyan nap lanse nou pral fè this nou pral fè that.


Sa se yon vye pratik kay anpil jeune,ki vinn rann biznisman kap fè biznis la paka kwè nan yo vre


Men publicité sou internet rete youn nan pi gwo zouti pou vann produit ak sèvis nan tan nou ye a se kominote nou an ki dèyè toujou ki fè nou toujou ap inyore'l.



Depi'w gen stratégie marketing wap reyisi san dout.




6 Jen 2024 | 23:29
0 Renmen

Siyale

Tanpri dekri siyalman w lan byen kout epi klè.

Webinè Ekskliz

Webinè Ekskliz

GRATIS ! Vini patisipe nan yon webinè eksklizif sou DropShipping jou k ap 4 Out 2024 la

GDPR

Lè ou vizite youn nan sit entènèt nou yo, li ka estoke oswa rekipere enfòmasyon sou navigatè w la, sitou sou fòm Cookie. Enfòmasyon sa yo ka konsène w, preferans ou oswa aparèy ou a, yo sitou itilize pou pèmèt sit la fonksyone jan ou espere a. Enfòmasyon yo pa idantifye w dirèkteman an jeneral, men yo ap ofri w yon eksperyans an liy ki pi pèsonalize. Paske nou respekte dwa w a vi prive, ou ka chwazi pou pa otorize kèk tip Cookie. Klike sou diferan kategori yo pou w aprann plis epi jere preferans ou. Tanpri sonje ke bloke kèk tip Cookie ka afekte eksperyans ou sou sit la ak sèvis nou ap ofri yo.