DEPI W VLE L, OU KAPAB : 4 KONSÈY PRATIK | Briye Akademi

DEPI W VLE L, OU KAPAB : 4 KONSÈY PRATIK

Kreye pa Nicodem Laurore nan Business 4 Jen 2025
Pataje

Tout kreyasyon pran tan. Gran oubyen piti koul ye. Depi nan panse l jouk pou reyalize l se yon konba. 


Se pou sa yon liv tankou “ Quand on veut on peut ! ” Norman Vincent Peale ki se yon Pastè ekri enpòtan pou ou li.

Liv sa gen anpil konsèy ak metòd pou kenbe yon lespri pozitif pandan tout lavi w kòm moun k ap kreye.


San antre nan twòp detay, dekouvri nan liy ki suiv yo, 4 konsèy pratik k ap ede w konkretize nenpòt sa w vle nan lavi w.

1- DEVLOPE YON LESPRI POZITIF

Youn nan premye konsèy nan liv la, se devlope yon lespri pozitif ki solid. 


Mesye Peale fè konnen atravè liv sa, lè w gen yon panse pozitif kòm moun k ap kreye ou p ap doute oubyen gen laperèz devan okenn difikilte ki ap vin anfas ou nan sa w ap fè a menm si ou gen anpil konkirans.


Lespri pozitif pèmèt ou pa janm manke lide pou toujou ap avanse e jwenn solisyon ak pwoblèm yo.

2- KONFYANS NAN OU


Youn nan pi bon resous yon moun kapab genyen pou kreye se gen konfyans nan tèt li.  Li sipoze pi plis pase sa moun gen nan ou.  


Gen  konfyans nan ou se gen konsyans valè oubyen talan w genyen pou w reyalize nenpòt sa w vle. Lè w gen konsyans de sa, ou prè pou oze ak pran risk.  


Konfyans nan ou se yonn nan pwen komen tout gran antreprenè oubyen kreyatè. Bill Gates, Steeve Jobs, Jeff Bezos elatriye.


Konfyans nan ou pèmèt ou enspire ak enfliyanse moun ki kotew pi byen oubyen fè yo kanpe ak ou ak tout bon volonte.

3- FÈ ECHÈK OU YO VIN ITIL OU.


Echèk yo pa la pou detwi w men pou w ede w grandi. Chak eksperyans ou fè ki pa reyisi, se yon opòtinite pou w aprann.


Li konseye nan liv la pou sèvi ak echèk ou yo e menm fè yo tounen yon avantaj pou ou nan itilize leson w te aprann yo pou rekomanse pi byen.


4- FÒS KWAYANS AK PÈSEVERANS.


Chwazi pran chimen kreye se yon maraton, sa mande yon lespri optimis paske sitiyasyon yo p ap toujou favorab sou pakou a. 


Nan moman sila yo, li rekòmande pou kapab rete konsistan e toujou kontinye travay pou w atenn objektif ou yo gras ak konpòtman sa ki se pèseverans.


Nan liv la, otè a pale de  pèseverans se pa tankou rete fè menm bagay nan espwa yon jou l ap bon men se tante refè l yon lòt fason  jis ou jwenn bon metòd la.


Pou n konkli, tout moun ki vrèman anvi kreye, liv sa se yon Ja ( trezò) ki pou ede w komanse e rive atenn objektif ou. 


Pa ezite vin pataje sa w aprann, kisa li mete lakay ou aprè lekti ou ap gen pou fè nan liv sa nan kòmantè a.

Nicodem LAURORE
Développeur Web &  Graphiste

Kòmantè (0)

Pataje

Pataje pòs sa a ak lòt moun

GDPR

Lè ou vizite youn nan sit entènèt nou yo, li ka estoke oswa rekipere enfòmasyon sou navigatè w la, sitou sou fòm Cookie. Enfòmasyon sa yo ka konsène w, preferans ou oswa aparèy ou a, yo sitou itilize pou pèmèt sit la fonksyone jan ou espere a. Enfòmasyon yo pa idantifye w dirèkteman an jeneral, men yo ap ofri w yon eksperyans an liy ki pi pèsonalize. Paske nou respekte dwa w a vi prive, ou ka chwazi pou pa otorize kèk tip Cookie. Klike sou diferan kategori yo pou w aprann plis epi jere preferans ou. Tanpri sonje ke bloke kèk tip Cookie ka afekte eksperyans ou sou sit la ak sèvis nou ap ofri yo.